Psalms 35:13
Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,
Bib La
In The King James Version
In Context
12Moun mwen fè byen se yo k'ap fè m' mal. Mwen fin dekouraje.
Cross References
Leviticus 16:29Men regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fè jèn, yo p'ap fè ankenn travay jou sa a.
1 Kings 21:27Lè Eli fin pale, Akab pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad sak la sou li. Li t'ap mache kagou.
Psalms 69:10(069:11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa.
Isaiah 58:3Pèp la ap di: -Sa nou bezwen fè jèn fè si Bondye p'ap wè sa? Sa nou bezwen pran lapenn pou sa nou fè ki mal si ou p'ap gade sou sa? Seyè a reponn yo: -M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou ase. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou yo.
Matthew 5:44Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.
Matthew 10:13Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou li. Men, si l' pa vle resevwa nou, benediksyon an va tounen vin jwenn nou.