Psalms 39:11
(039:12) Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
10(039:11) Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo.
Cross References
Job 4:19Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa!
Job 13:28M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.
Psalms 38:1(038:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (038:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
Psalms 102:10(0102:11) Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen.
Hosea 5:12M'ap fini ak moun Efrayim yo, m'ap manje yo tankou poudbwa manje bwa. M'ap disparèt moun peyi Jida yo, m'ap fè yo tounen pouriti.
1 Corinthians 11:30Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja.