Psalms 39:12
(039:13) Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
13(039:14) Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri.
Cross References
Genesis 21:34Apre sa, Abraram rete kèk lanne ankò nan peyi Filisti a.
Leviticus 25:23Yon tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a.
2 Kings 20:5—Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l' pou mwen. Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Seyè a.
Job 13:28M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.
Psalms 56:8(056:9) Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?
Psalms 102:1(0102:1) Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. (0102:2) Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.