Psalms 50:17
Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Bib La
In The King James Version
Seeing thou hatest instruction, and castest my words behind thee.
In Context
18Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.
Cross References
1 Kings 14:9Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache.
Proverbs 1:7Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.
Proverbs 1:29Nou pa t' vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye.
Proverbs 8:36Men moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal. Moun ki rayi m', se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.
Proverbs 15:10Moun ki fè sa ki mal mèt pare tann pinisyon yo. Men, moun ki pa ka sipòte pou yo pini yo pa lwen mouri.
Jeremiah 8:9Nou fè moun ki gen bon konprann yo wont. Yo kraponnen, yo kite moun pran tèt yo. Yo voye pawòl Seyè a jete. Kote bon konprann yo koulye a?