Psalms 50:18
Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.
Bib La
In The King James Version
When thou sawest a thief, then thou consentedst with him, and hast been partaker with adulterers.
In Context
17Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.
19Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.
Cross References
Leviticus 20:10Depi yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan.
Job 31:9Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye,
Proverbs 2:16Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou.
Isaiah 5:23Men, nou lage moun ki koupab yo pou lajan. Nou pa kite moun k'ap mache dwat yo jwenn jistis.
Micah 7:3Yo tout pase mèt nan fè sa ki mal ak de men yo. Chèf yo ap fè egzijans. Jij yo ap mande lajan anba pou regle zafè pou moun. Grannèg yo menm mande sa yo vle. Se konsa yo tout yo fè yon sèl bann ansanm.
Romans 1:32Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.