Psalms 69:2
(069:3) M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 7:17Pandan karant jou, dlo kouvri tout tè a. Dlo yo gonfle, yo fè batiman an pèdi tè.
Psalms 32:6Se konsa, moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo.
Psalms 88:6(088:7) Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon.
Jeremiah 38:22Yo pral pran tout fanm ki rete nan palè wa Jida a, y'ap mennen yo bay chèf wa Babilòn lan. Medam yo pral di: Moun ki te pi bon zanmi wa a pran tèt li, yo fè l' fè sa yo vle. Koulye a, bra msye pran n'a pèlen. Yo kouri kite l' pou kont li.
Jonah 2:6Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m' soti nan twou a. Ou ban m' lavi ankò.
Matthew 26:37Li pran Pyè ansanm ak de pitit Zebede yo avèk li. Lè sa a, li santi yon lapenn ak yon kè sere ki pran li.