Psalms 71:2
Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m' non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m'. Pote m' sekou!
Bib La
In The King James Version
Deliver me in thy righteousness, and cause me to escape: incline thine ear unto me, and save me.
In Context
1Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m' wont!
Cross References
Psalms 10:17Seyè, w'a koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouraj.
Psalms 17:6M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m', koute sa m'ap di ou:
Psalms 31:2(031:3) Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'.
Psalms 43:1Fè m' jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m' anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste.
Psalms 143:1Se yon sòm David. Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri.
Daniel 9:16Seyè, ou te toujou pran defans nou nan tan lontan. Tanpri, pa fache, pa move sou lavil Jerizalèm ankò. Se mòn pa ou la, se mòn ki apa pou ou a li ye. Tout moun k'ap viv nan peyi tou kole ak nou yo ap pase ni lavil Jerizalèm ni pèp ou a nan betiz, poutèt peche nou yo ak mechanste zansèt nou yo te fè.