Psalms 77:13
(077:14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!
Bib La
In The King James Version
Thy way, O God, is in the sanctuary: who is so great a God as our God?
In Context
12(077:13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo!
14(077:15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.
Cross References
Exodus 15:11Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
Psalms 27:4Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.
Psalms 68:25(068:26) Moun k'ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren.
Psalms 73:17jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini.
Psalms 89:6(089:7) Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!
Psalms 119:27Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo.