Psalms 92:13
(092:14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
Those that be planted in the house of the LORD shall flourish in the courts of our God.
In Context
14(092:15) Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs.
Cross References
2 Chronicles 4:9Li fè yo bati lakou anndan an pou prèt yo ak gwo lakou a ak tout pòtay li yo. Tout pòtay yo te kouvri ak kwiv.
Psalms 100:4Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi!
Psalms 135:2nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li!
Song of Solomon 5:15Janm li yo, ou ta di de poto mab byen kanpe sou de moso lò bon kalite. Lè ou gade l', li tankou mòn Liban, li kanpe tankou gwo pye sèd Liban yo.
Isaiah 61:3pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
Romans 6:5Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou.