Apokalips 14:15
Yon lòt zanj soti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nwaj la. Li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 62:1Jan m' renmen mòn Siyon sa a! Se pou m' pale. Jan m' renmen lavil Jerizalèm sa a, mwen p'ap pran kanpo, jouk delivrans li va parèt tankou limyè solèy k'ap leve, tankou flanbo k'ap klere nan fènwa.
Jeremiah 51:33Wi, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Lavil Babilòn tankou yon glasi y'ap pare. Talè konsa yo pral kouche sòlda yo tankou grenn danre sou glasi.
Zechariah 5:6Mwen mande l': -Kisa l' ye? Li reponn mwen: -Se yon panyen. Se peche moun yo ap fè nan tout peyi a ki ladan l'.
Matthew 13:39Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo.
Mark 4:29Lè grenn yo mi se lè sa a nonm lan mete manchèt ladan l', paske sezon rekòt la rive.
Revelation 6:10Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou?