Zechariah 5:6
Mwen mande l': -Kisa l' ye? Li reponn mwen: -Se yon panyen. Se peche moun yo ap fè nan tout peyi a ki ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Zanj ki t'ap pale avè m' lan parèt ankò, li di m' konsa: -Leve je ou. Gade sa k'ap vin koulye a.
7Panyen an te gen yon kouvèti plon. Kouvèti a leve. Mwen wè yon gwo fanm chita anndan panyen an.
Cross References
Ezekiel 44:10Seyè a di m' ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a.
Amos 8:5N'ap plede di: Kilè fèt lalin nouvèl lan va pase pou nou ka vann diri nou? Kilè jou repo a va pase pou nou ka louvri depo nou yo pou nou vann? Lè sa a, n'a moute pri tout bagay, n'a sèvi ak fo mezi, n'a ranje balans yo pou nou ka twonpe pratik yo.
Micah 6:10Lakay moun mechan yo plen byen yo achte ak move lajan! Y'ap sèvi ak fo mamit, bagay mwen pa vle wè.