Apokalips 21:24
Gremesi limiè l' la, tout nasyon ki sou latè va wè pou yo mache. Tout wa latè yo va pote richès yo ba li.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Pòtay yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen.
Cross References
Psalms 22:27(022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Isaiah 52:15konsa tou, anpil nasyon va kontan lè y'a wè l' fwa sa a. Wa yo va rete bouch be devan li sitèlman y'a sezi. Paske y'a wè bagay moun pa t' janm rakonte yo anvan sa, y'a konprann bagay yo pa t' janm tande anvan.
Isaiah 55:10Gade! Lapli ak lawouze soti nan syèl la, yo pa tounen kote yo soti a san yo pa wouze latè, san yo pa fè l' donnen, san yo pa fè plant yo pouse pou bay kiltivatè yo grenn pou yo simen ak manje pou yo manje.
Isaiah 60:13Y'a pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an, pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou pou dekore tanp ki apa pou mwen an, pou anbeli kote m' rete a.
Isaiah 66:11Tankou yon ti bebe k'ap tete manman l' jouk vant li plen, tankou yon ti bebe k'ap kontan souse lèt manman l', nou pral jwenn pa nou nan bèl bagay m'ap fè pou lavil Jerizalèm.