Apokalips 21:8
Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m'. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen.
Cross References
Judges 7:3Koulye a, pale ak tout pèp la. Di yo konsa: Si gen moun ki pè, k'ap tranble, yo mèt al fè wout yo lakay yo, kite nou sou mòn Gilboa a. Se konsa venndemil (022.000) moun al lakay yo. Te rete dimil (010.000).
Proverbs 19:9Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri.
Isaiah 51:12Seyè a di: -Se mwen menm k'ap ban nou kouraj. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?
Malachi 3:5Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -m'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m' krentif.
Matthew 10:28Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
Mark 9:44Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.