Revelation 8:13
Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 2:10Li louvri liv la devan je m', mwen wè li te ekri sou tou de bò l' yo. Li te plen pawòl moun di lè y'ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y'ap soufri anpil.
Revelation 9:1Apre sa, senkièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen wè yon zetwal soti nan sièl la tonbe sou latè. Yo ba l' kle pou louvri pi ki mennen desann nan gwo twou san fon an.
Revelation 11:14Konsa, dezyèm malè a te pase! Men, atansyon, twazièm lan pral vini talè konsa.
Revelation 14:6Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li te gen yon bon nouvèl pou l' te bay tout moun ki rete sou latè, bon nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi.