Romans 1:23
Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.
Cross References
Deuteronomy 5:8Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a.
Psalms 115:5Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.
Isaiah 40:18Ki moun nou ka di ki tankou Bondye? Ki pòtre nou ta fè ki pou ta sanble avè l'?
Isaiah 44:13Moun k'ap travay bwa a menm pran mezi yon moso bwa, li trase pòtre zidòl la sou li ak moso lakre, li travay li ak sizo. Li ba li fòm yon moun, fòm yon bèl moun, pou l' mete l' nan yon tanp.
Ezekiel 8:10Mwen antre, mwen gade. Tout miray la nèt te kouvri ak pòtre koulèv, pòtre tout kalite bèt yo pa gen dwa manje ak pòtre lòt vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi.
Romans 1:25Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn.