Romans 1:4
Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l' te leve soti vivan nan lanmò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Luke 18:31Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive.
John 2:18Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w'ap fè la a?
Acts 2:32Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a.
Acts 4:10Nou tout ki la a ansanm ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konn sa: si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan soti nan lanmò ak pouvwa Bondye.
Acts 13:33li fè l' pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou.
Romans 1:3Bon Nouvèl sa a pale nou sou Pitit li a, Jezikri, Seyè nou an. Lè pou l' te fèt tankou yon moun, Jezi soti nan fanmi wa David.