Romans 1:5
Gremesi Jezikri sa a, Bondye fè m' favè pou m' travay tankou apòt, pou m' mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Malachi 1:14Madichon pou moun k'ap twonpe m' yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y'ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
Acts 1:25pou sèvi apòt nan plas Jida te kite pou li al kote ki te pou li a.
Acts 9:15Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.
Romans 3:29Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou.
Romans 15:15Men, mwen te penmèt mwen ekri nou sou anpil pwen nan lèt mwen an pou mwen te ka fè nou chonje sa nou te konnen deja. Mwen te penmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye te fè m' lan,
Romans 16:26Men, koulye a, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive an konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye.