Romans 10:3
Yo pa t' konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pa t' asepte jan Bondye te vle fè l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann.
4Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras.
Cross References
Nehemiah 9:33Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal.
Psalms 71:15M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.
Isaiah 51:6Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m'ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p'ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.
Isaiah 56:1Men sa Seyè a di pèp li a: -Se pou nou fè sa ki dwat. Pa fè lenjistis. Paske mwen pa lwen vin delivre nou, mwen pa lwen fè nou konnen jan m'ap pran defans nou.
Isaiah 64:6Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.
Lamentations 3:22Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou.