Romans 12:11
Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la.
Bib La
In The King James Version
Not slothful in business; fervent in spirit; serving the Lord;
In Context
Cross References
Proverbs 6:6Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi.
Proverbs 13:4Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen.
Proverbs 22:29Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.
Proverbs 26:13Parese a di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a.
Isaiah 56:10Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha.
Matthew 25:26Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekolte kote mwen pa t' simen, mwen ranmase kote mwen pa t' plante.