Romans 14:1
Se pou n' resevwa moun ki fèb nan konfyans yo byen san nou pa bezwen diskite openyon yo genyen.
Bib La
In The King James Version
Him that is weak in the faith receive ye, but not to doubtful disputations.
In Context
Cross References
Job 4:3Yon lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay, se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb.
Isaiah 40:11Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Ezekiel 34:4Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete renmèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa ki te soti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chache sa ki te pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou an pou n' kraze yo, pou n' maltrete yo.
Zechariah 11:16Paske mwen pral mete yon gadò pou okipe bann mouton m' yo. Men, lè yon mouton pèdi, se pa pou li sa. Si yonn egare, li pa pral chache l'. Si yonn blese, li p'ap fè anyen pou geri l'. Si yonn bouke, li p'ap fè anyen pou soutni l'. Okontrè, l'ap manje sa ki pi gra yo, l'ap fann zago tout lòt yo.
Matthew 12:20Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt.
Matthew 18:5Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa.