Matie 12:20
Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn. Yo p'ap janm tande l' fè diskou nan lari.
21Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.
Cross References
2 Kings 18:21W'al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon baton wozo tou kase! Anvan ou apiye sou li, l'ap antre nan men ou, l'ap blese ou. Farawon an, wa peyi Lejip ou wè a, se konsa li ye pou tout moun ki fè l' konfyans.
Psalms 98:1Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.
Isaiah 40:11Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Isaiah 57:15Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.
Lamentations 3:31Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt.
Matthew 11:28Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.