Romans 15:12
Ezayi di tou: Li gen pou l' vini, pitit pitit Izayi a. Li va parèt pou gouvènen lòt nasyon yo. Nasyon yo va mete espwa yo nan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Li di ankò: Fè lwanj Mèt la, nou menm moun lòt nasyon yo! Wi, se pou tout pèp yo fè lwanj li!
Cross References
1 Chronicles 2:12Boz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi.
Psalms 22:27(022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
Psalms 72:17Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
Isaiah 11:10Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bò kote l'. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l' rete a.
Isaiah 49:6Seyè a di m' konsa: Wi, sèvitè m' lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!
Jeremiah 17:5Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo.