Romans 16:12
Di Trifèn ak Trifòz, de sè k'ap bay kò yo anpil traka pou Seyè a, bonjou. Di Pèsid, bon zanmi m' ki te pran anpil fatig pou Seyè a, bonjou.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Di Ewòdyon, fanmi m' lan, bonjou. Di moun lakay Nasis yo ki kwè nan Seyè a bonjou.
13Di Rifis, nonm Bondye chwazi pou sèvis li a, bonjou ansanm ak manman l' ki yon manman pou mwen tou.
Cross References
1 Corinthians 15:10Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa.
1 Corinthians 16:16Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wè k'ap travay ak yo epi k'ap sèvi ak yo, nou mèt kite yo mennen nou.
Colossians 4:12Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou.
1 Thessalonians 5:12Frè m' yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Seyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou.
1 Timothy 5:17Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo.