Romans 2:3
Monchè, ou menm k'ap jije moun k'ap fè bagay sa yo epi k'ap aji menm jan an tou, èske ou kwè wa chape anba jijman Bondye a?
Bib La
In The King James Version
In Context
2Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fè bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakò ak verite a.
Cross References
2 Samuel 10:3chèf moun Amon yo di wa Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Detwonpe ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen jan sa ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou.
Psalms 50:21Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
Proverbs 11:21Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove.
Ezekiel 17:15Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka soti nan sitiyasyon kote l' ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l'.
Daniel 10:19Epi li di m': -Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouraj ou! Lè li di m' sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: -Mèt, ou fè m' vin gen fòs. Di m' sa ou gen pou di m' lan non!
Matthew 26:53Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m' vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen.