Ezekiel 17:15
Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka soti nan sitiyasyon kote l' ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:12nou vin pran angajman sou sèman pou nou asepte tout egzijans kontra Seyè a, Bondye nou an, ap pase ak nou jòdi a.
2 Kings 24:20Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l'. Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan.
Psalms 55:23(055:24) Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.
Isaiah 30:1Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m'. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.
Isaiah 36:5Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase san ou pa bezwen entèlijans ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye kò ou pou ou kenbe tèt ak mwen konsa?
Jeremiah 22:29O latè, latè, latè! Koute sa Seyè a di: