Romans 3:5
Men, si lè nou fè sa ki mal, sa fè moun wè pi klè se Bondye ki gen rezon, kisa n'a di lè sa a? Eske poutèt sa lè Bondye peni nou li gen tò? (Eskize m' wi, m'ap pale tankou moun.)
Bib La
In The King James Version
In Context
6Men non! Si lè sa a Bondye pa gen rezon, ki jan Bondye va fè pou jije moun?
Cross References
Psalms 58:10(058:11) Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo.
Nahum 1:2Seyè a, se yon Bondye ki fè jalouzi epi ki konn tire revanj. Li tire revanj li. Lè l' ankòlè, se pa ti move li move. Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt avè l'. Li kenbe moun ki pa vle wè l' yo nan kè.
Romans 2:5Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.
Romans 3:19Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
Romans 4:1Kisa n'a di konsènan Abraram, granpapa nou? Kisa l' te jwenn?
Romans 6:19M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li.