Romans 4:20
Non, li pa t' pèdi konfyans nan Bondye, li pa t' janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou; epi li t'ap chante lwanj Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l' te fè sa l' te pwomèt la.
Cross References
Numbers 11:13Kote pou m' jwenn vyann pou m' bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m' pou m' ba yo vyann pou yo manje.
2 Kings 7:19Se konsa chèf gadkò a te di Seyè a te mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa Elize di a pa ka fèt. Elize menm te reponn li, li te di l': Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'.
Isaiah 7:9Lavil Samari se kapital peyi Izrayèl la. Pekak, pitit gason Remalya a, se wa lavil Samari. Si nou pa kenbe konfyans nou fèm nan Bondye, nou menm tou nou p'ap chape.
Jeremiah 32:16Apre mwen te fin bay Bawouk, pitit gason Nerija a, papye tè yo, mwen lapriyè Seyè a, mwen di l':
Daniel 11:32Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l'.
Zechariah 8:9Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Pran kouraj, nou menm k'ap tande koulye a nan bouch pwofèt yo menm mesaj Bondye te bay lè yo t'ap mete men nan fondasyon tanp Seyè a pou rebati kay ki apa pou li a.