Romans 5:16
Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 7:15yon jenn ti towo bèf, yon belye mouton ak yon ti mouton ki poko gen ennan, tou sa pou yo boule nèt pou Seyè a.
Isaiah 43:25Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l'. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo.
Luke 7:47Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou.
1 Corinthians 6:9Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason,
Galatians 3:10Moun ki mete nan lide yo lalwa a ka sove yo, yo anba madichon. Men sa ki ekri nan Liv la: Madichon pou tout moun ki pa fè tou sa ki ekri nan Liv lalwa a tout tan.
James 2:10Paske, moun ki obsève tout lalwa a men ki dezobeyi yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si l' te dezobeyi tout kòmandman yo.