The Bible Software
bible.software › Romans › Romans 5 › Romans 5:19

Romans 5:19

Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun fè peche, konsa tou obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras.

Bib La

In The King James Version

For as by one man’s disobedience many were made sinners, so by the obedience of one shall many be made righteous.

In Context

18Se sak fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi.

20Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo.

Read all of Romans 5

Cross References

Isaiah 53:10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.

Romans 5:12Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.

Romans 5:18Se sak fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi.

Ephesians 1:6Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la!

Revelation 7:9Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Romans 5:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)
← Romans 5:18Romans 5Romans 5:20 →