Romans 5:21
Se sak fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l' te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Seyè nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
John 10:28Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.
Romans 5:12Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.
Romans 5:17Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la.
Romans 6:14Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.
Romans 6:23Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.
Titus 2:11Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre.