Jan 10:28
Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.
29Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.
Cross References
1 Samuel 2:9L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l' ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouraj yon nonm k'ap fè l' genyen.
Psalms 31:5(031:6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.
Psalms 103:17Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,
Proverbs 4:18Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
Isaiah 45:17Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.
Isaiah 55:3Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.