Romans 8:11
Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezekiel 37:14M'ap mete souf mwen nan yo, m'ap fè yo tounen vivan ankò. M'ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Seyè a ki pale. Sa m' te di m'ap fè a, m'ap fè l' vre. Se Seyè a menm ki di sa.
John 5:28Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li,
John 14:17Moun k'ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l', paske yo pa ka wè l', ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l' paske li rete nan kè nou, paske li nan nou.
Acts 2:32Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a.
Romans 6:4Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
Romans 8:2Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò.