Romans 8:18
Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri koulye a ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt.
Cross References
Acts 20:24Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.
Colossians 3:4Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li.
2 Thessalonians 2:14Gremesi bon nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Seyè nou an.
Hebrews 11:35Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, anpil fanm wè moun pa yo ki te mouri tounen leve vivan ankò. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve soti nan lanmò, antre nan yon lavi ki pi bon.
1 Peter 1:13Se poutèt sa, konnen byen sa nou pral fè. Mete tèt nou an plas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt.
1 Peter 5:1Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la.