Romans 9:2
Kè m' sere anpil, se pa yon ti lapenn mwen santi k'ap manje m' tout tan.
Bib La
In The King James Version
That I have great heaviness and continual sorrow in my heart.
In Context
Cross References
1 Samuel 15:35Depi lè sa a, Samyèl pa janm wè wa Sayil ankò jouk li mouri. Men, sa te fè l' lapenn anpil pou Sayil. Seyè a menm te règrèt deske li te fè Sayil wa pèp Izrayèl la.
Isaiah 66:10Fè kè nou kontan ansanm ak lavil Jerizalèm. Fè fèt pou li, nou tout ki renmen l'! Se pou nou kontan ansanm avè l' koulye a, nou menm ki te nan lapenn pou li!
Jeremiah 13:17Si nou pa koute l', mwen pral kache kò m' yon kote pou m' kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m' pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Seyè a prizonye, yo pral depòte yo.
Lamentations 3:48De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an!
Ezekiel 9:4Li di l' konsa: -Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la.
Romans 10:1Frè m' yo, jan m' ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo!