Jeremiah 13:17
Si nou pa koute l', mwen pral kache kò m' yon kote pou m' kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m' pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Seyè a prizonye, yo pral depòte yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 15:11-Mwen règrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pa t' kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Seyè a.
Psalms 80:1(080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
Isaiah 63:11Men, yo chonje tan lontan, yo vin chonje Moyiz. Yo mande koulye a: Kote Bondye ki te rale yo sot nan lanmè a, Bondye ki te mete Moyiz mache devan yo tankou yon gadò pou bann mouton l' yo? Kote Bondye ki te bay Moyiz pouvwa lespri li a?
Jeremiah 13:19Yo sènen tout lavil ki nan sid peyi Jida a. Pesonn pa ka pase. Yo depòte dènye moun peyi Jida yo. Yo pa kite yonn deyò.
Jeremiah 17:16Men, Seyè, mwen pa t' janm kole dèyè ou pou ou te voye malè sou yo! Mwen pa t' janm mande pou move tan tonbe sou yo! Seyè, ou konn sa! Se devan ou mwen te di tou sa m' te di.
Jeremiah 23:1Madichon pou chèf sa yo ki tankou move gadò k'ap touye, k'ap gaye bann mouton m' mete sou kont yo a. Se Seyè a menm ki di sa.