Ruth 4:11
Chèf yo ak lòt moun yo di l': -Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Seyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 29:16Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl.
Genesis 35:16Apre sa, yo pati yo kite Betèl. Yo pa t' twò lwen rive lavil Efrata lè lè a te rive pou Rachèl akouche. Li t'ap soufri anpil.
Genesis 35:23Men non pitit Leya te fè pou li yo: Woubenn, premye pitit gason l' lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon.
Genesis 46:8Men non pitit Izrayèl yo ansanm ak pitit pitit yo ki te desann nan peyi Lejip: Jakòb ak pitit gason l' yo. Premye gason an te rele Woubenn.
Deuteronomy 25:7Men, si nonm lan pa vle marye ak bèlsè li a, bèlsè a va moute nan tribinal bò pòtay lavil la, epi l'a di chèf fanmi yo: Bòfrè mwen an derefize fè devwa l'. Li pa vle konsève non frè li nan peyi Izrayèl la. Li refize marye avè m', jan lalwa peyi a mande l' fè l' la.
Ruth 1:2Nonm lan te rele Elimelèk, madanm li te rele Naomi. De pitit gason l' yo te rele Maklon ak Kiljon. Se moun branch fanmi Efrat la yo te ye, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida. Antan yo t'ap viv nan peyi Moab la,