Deuteronomy 25:7
Men, si nonm lan pa vle marye ak bèlsè li a, bèlsè a va moute nan tribinal bò pòtay lavil la, epi l'a di chèf fanmi yo: Bòfrè mwen an derefize fè devwa l'. Li pa vle konsève non frè li nan peyi Izrayèl la. Li refize marye avè m', jan lalwa peyi a mande l' fè l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ruth 4:2Bòz fè rele dis nan chèf fanmi lavil la, li fè yo chita la tou. Lè yo fin chita,
Ruth 4:11Chèf yo ak lòt moun yo di l': -Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Seyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm.