Ruth 4:6
Lè sa a, nonm lan reponn: -Si se konsa, mwen p'ap ka achte tè a. Paske, si m' achte l', pitit mwen riske pèdi nan sa m'ap kite pou yo a. Ou mèt achte l' ou menm. Mwen p'ap fè zafè a ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 38:8Lè sa a, Jida di Onan: -Ale jwenn madanm frè ou la, kouche avè l'. Se devwa ou, paske ou se frè mari l' ki mouri. Konsa, w'a fè yon pitit pou frè ou pou non li pa pèdi.
Deuteronomy 25:8Lè sa a, chèf fanmi ki nan lavil la va fè rele nonm lan vin jwenn yo epi y'a pale avè l'. Si li derefize marye avèk bèlsè a,
Ruth 2:20Naomi di bèlfi li a: -benediksyon Seyè a pou Bòz! Wi. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Naomi di ankò: -Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an.
Ruth 3:13Ou mèt rete pase nwit lan la. Denmen maten m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakò pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben, mwen fè sèman devan Bondye vivan ki nan syèl la, m'ap pran l' mwen menm. Koulye a, rete kouche la jouk denmen maten.