Song of Solomon 1:5
Medam lavil Jerizalèm, Po m' boule, men m' bèl! Po m' menm koulè ak tant nan dezè a. Men, li bèl tankou rido nan palè Salomon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 90:17Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.
Psalms 149:4Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.
Song of Solomon 2:14Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo, anba gwo wòch byen wo yo. Moutre m' ti figi ou non! Fè m' tande vwa ou. Ala bèl ti figi ou bèl! Ala dous vwa ou dous!
Song of Solomon 3:10Poto kwen yo fèt an ajan. Tèt divan an kouvri an lò. Matla a kouvri ak bèl twal wouj, tout anndan an bwode. Se medam lavil Jerizalèm yo ki fè l' pou li ak tout kè yo.
Song of Solomon 5:8Nou menm, medam lavil Jerizalèm yo, tanpri, tanpri souple! Si nou kontre ak mennaj mwen an, di l' pou mwen: mwen malad sitèlman mwen renmen!
Song of Solomon 6:4Anmòrèz mwen, ou bèl tankou lavil Tisa. Lè m' wè ou sa fè m' plezi tankou lè m' wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!