Song of Solomon 3:2
Apre sa, mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la, m' chache moun mwen renmen an nan tout lari, sou tout laplas yo. M' chache l', mwen pa jwenn li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:1(022:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. (022:2) Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?
Psalms 43:2Se ou ki Bondye mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Poukisa ou lage m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo?
Proverbs 1:20Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik.
Proverbs 8:34Ala bon sa bon pou moun ki koute m', pou moun ki chita nan papòt mwen chak jou, pou moun k'ap tann bò poto galeri kay mwen!
Song of Solomon 5:5Lamenm, mwen leve pou m' louvri pou mennaj mwen. Sant lami a te sou tout men m'. Li t'ap degoute nan dwèt mwen sou kwòchèt pòt la.
Jeremiah 5:1Mache toupatou nan lavil Jerizalèm. Louvri je nou! Gade sa k'ap fèt! Chache sou tout plas piblik yo! Eske nou jwenn yon nonm, yon sèl k'ap fè sa ki dwat, ki p'ap chache twonpe Bondye? Si nou jwenn yonn, m'ap padonnen tout lavil la.