Proverbs 8:34
Ala bon sa bon pou moun ki koute m', pou moun ki chita nan papòt mwen chak jou, pou moun k'ap tann bò poto galeri kay mwen!
Bib La
In The King James Version
Blessed is the man that heareth me, watching daily at my gates, waiting at the posts of my doors.
In Context
33Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou. N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa.
35Lè yon moun jwenn mwen, se lavi li jwenn. Li antre nan favè Bondye.
Cross References
1 Kings 10:8Ala bèl chans madanm ou yo genyen! Ala bèl chans moun k'ap travay avè ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawòl bon konprann k'ap soti nan bouch ou!
Psalms 84:10(084:11) Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo.
Proverbs 1:21L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande.
Proverbs 3:13Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann!
Matthew 7:24Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.
Luke 10:39Mat sa a te gen yon sè yo rele Mari. Mari te chita nan pye mèt la, li t'ap koute pawòl li yo.