Song of Solomon 3:6
Kisa k'ap vini sot nan dezè a? L'ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:21Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.
Deuteronomy 8:2Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo.
Song of Solomon 1:3Ou gen yon bon sant k'ap soti nan tout kò ou. Depi yo tande non ou, sant ou vin nan nen yo. Se sa ki fè jenn fi yo renmen ou konsa!
Song of Solomon 4:6M'ap rete sou mòn mant lan, sou ti bit lansan an jouk bajou kase, jouk solèy leve.
Song of Solomon 5:5Lamenm, mwen leve pou m' louvri pou mennaj mwen. Sant lami a te sou tout men m'. Li t'ap degoute nan dwèt mwen sou kwòchèt pòt la.
Song of Solomon 8:5Kilès sa a k'ap vin sot nan dezè a? Kilès sa a ki apiye sou bra mennaj li konsa? Anba pye ponm lan, mwen leve ou nan dòmi. Se la ou te fèt. Se la manman ou te fè ou wè solèy.