Song of Solomon 4:1
Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl dèyè vwal ki sou tèt ou a! Je ou yo ou ta di de ti pijon. Cheve ou yo ap danse tankou yon bann kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 32:1Moun branch fanmi Woubenn ak moun branch fanmi Gad yo te gen anpil anpil bèt. Lè yo wè jan peyi Jazè a ak peyi Galarad la te bon pou fè gadinaj,
Psalms 45:11(045:12) Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'.
Song of Solomon 2:10Mennaj mwen pale avè m', li di m': Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m' non, bèl nègès mwen!
Song of Solomon 4:9Sò mwen, bèl nègès mwen, ou annik gade m' yon fwa, ou fè m' pèdi lòlòj mwen. M' annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m' pèdi tèt mwen.
Song of Solomon 6:5Sispann gade m', paske lè ou gade m', ou fè m' pa konn sa m'ap fè. Cheve ou ap danse bò figi ou tankou kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad yo.
Song of Solomon 7:5Ou kenbe tèt ou dwèt sou kò ou, tankou mòn Kamèl. Cheve ou yo ap flote tankou bèl twal swa wouj grena. Nenpòt wa ta ka pèdi nan bouklèt cheve ou yo!