Song of Solomon 6:1
Ou menm ki pi bèl fanm pase tout fanm, kote mennaj ou ale? Ki wout ou wè li pran? Nou pral ede ou chache l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ruth 2:12Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!
Song of Solomon 1:8Bèl fanm pase ou, nanpwen! Ki jan ou fè pa konn kote sa a? Ale non. Swiv mouton yo. W'a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo, toupre tant gadò yo.
Song of Solomon 5:6Lè mwen louvri pòt la pou li, li te gen tan al fè wout li. Jan m' te santi m' ap mouri lè m' te tande l' ap pale a! M' chache l', m' pa jwenn li! M' rele l', li pa reponn!
Song of Solomon 6:4Anmòrèz mwen, ou bèl tankou lavil Tisa. Lè m' wè ou sa fè m' plezi tankou lè m' wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!
Isaiah 2:5Koulye a, nou menm moun fanmi Jakòb yo, annou mache nan limyè Seyè a ban nou an.
Zechariah 8:21Moun va soti nan yon lavil, y'a ale nan yon lòt, y'a di moun ki la yo: Ann al adore Seyè ki gen tout pouvwa a! Ann al lapriyè nan pye Seyè a pou mande l' benediksyon. Ann ale non!