Ruth 2:12
Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ruth 1:16Men, Rit reponn: -Pa fòse m' kite ou! Tanpri, kite m' ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m'. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou.
1 Samuel 24:20Koulye a, mwen konnen ou gen pou ou wa vre. Avèk ou menm wa pèp Izrayèl la, gouvènman an ap kanpe fèm.
Psalms 19:11(019:12) Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m' anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo.
Psalms 57:1(057:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l'. (057:2) Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase.
Psalms 61:4(061:5) Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.
Psalms 91:4L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.