Song of Solomon 6:9
Men, pa gen tankou jenn ti pijon mwen an. Li menm ase mwen renmen. Se sèl pitit fi manman l' fè. Se pitit sa a li pi renmen. Lè jenn fi yo wè l', yo di: Gade sa Bondye fè pou ou! Renn yo ak fanm kay yo menm ap fè lwanj li.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Wa a gen swasant renn, katreven fanm kay. Pou jenn fi menm, se pa pale.
Cross References
Numbers 23:9Mwen kanpe sou tèt gwo wòch yo, mwen wè yo. Antan mwen sou ti mòn yo, m'ap gade anba: Wi, se yon pèp k'ap viv yon jan apa pou kont li. Se yon pèp ki pa menm ak lòt pèp yo!
Deuteronomy 33:29Ala bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl! Pa gen tankou nou! Se Seyè a menm ki delivrans nou! Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou! L'ap mache devan nou pou l' fè nou genyen batay la. Lènmi nou yo va vin mande padon nan pye nou. Men nou menm, n'a kraze sa ki fè lògèy yo a anba pye nou.
Psalms 126:2Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!
Song of Solomon 2:14Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo, anba gwo wòch byen wo yo. Moutre m' ti figi ou non! Fè m' tande vwa ou. Ala bèl ti figi ou bèl! Ala dous vwa ou dous!
Galatians 4:26Men, Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou.
2 Thessalonians 1:10Jou sa a, Seyè a va parèt pou l' resevwa lwanj nan men tout moun pa l' yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wè l'. Nou menm tou n'a wè li, paske nou te kwè nan mesaj mwen te fè nou konnen an.