Song of Solomon 7:12
Nan maten, n'apral gade pye rezen yo pou wè si yo konmanse boujonnen, si flè yo ap louvri, si pye grenad yo ap fleri. Se la n'a karese nèt ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Vini non, mennaj mwen! Ann al andeyò. N'a pase nwit lan nan jaden yo.
Cross References
Psalms 43:4Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan.
Psalms 73:25Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè.
Proverbs 8:17Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen.
Ecclesiastes 9:10Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l' ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann.
Song of Solomon 2:15Kenbe vòlò yo, kenbe ti vòlò yo anvan yo ravaje jaden rezen nou yo, jaden rezen nou yo k'ap fleri.
Song of Solomon 6:11Mwen desann nan jaden zanmann yo pou m' te wè jenn ti plant yo nan fon an, pou m' wè si pye rezen yo ap boujonnen, si pye grenad yo ap fleri.