Titus 1:16
Y'ap mache di yo konn Bondye. Men, sa y'ap fè a demanti yo. Yo bay degoutans, yo rebèl, yo pa ka fè anyen ki bon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 15:22Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a.
Job 15:16Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!
Isaiah 48:1Koute pawòl sa yo byen, nou menm fanmi Jakòb yo. Nou menm ki pote non Izrayèl, zansèt nou an, nou menm ki soti nan ras Jida a, nou pran non Seyè a pou fè sèman. N'ap fè sèvis pou Bondye pèp Izrayèl la. Men, se pawòl nan bouch. Nou pa viv jan Bondye vle l' la.
Jeremiah 6:30Yo rele yo vye lajan san valè, paske mwen menm Seyè a, mwen voye yo jete.
Hosea 8:2Ou mèt tande yo di m': Ou se Bondye nou. Nou menm, moun Izrayèl, nou konnen ki moun ou ye!
Romans 2:18Ou konnen sa Bondye vle ou fè; lalwa a moutre ou ki jan pou ou chwazi sa ki byen.