Romans 2:18
Ou konnen sa Bondye vle ou fè; lalwa a moutre ou ki jan pou ou chwazi sa ki byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Ou menm yo rele jwif la, ou apiye kò ou sou lalwa a. W'ap vante tèt ou dèske ou konn Bondye.
Cross References
Deuteronomy 4:8Pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen bon lòd ak bon prensip pou regle tout bagay san patipri tankou lalwa mwen mete devan nou jòdi a.
Psalms 19:8(019:9) Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.
Psalms 119:104Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.
Psalms 147:19Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.
Luke 12:47Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou.
Romans 15:4Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n' ka mete tout espwa nou nan Bondye.