Titus 3:6
Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou.
Bib La
In The King James Version
Which he shed on us abundantly through Jesus Christ our Saviour;
In Context
Cross References
Proverbs 1:23Se pou n' koute m' lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m' konnen.
Isaiah 44:3M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.
Joel 2:28Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.
John 4:10Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a.
John 14:16M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a.
Acts 2:33Bondye fè l' moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l' sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande koulye a.